Submit your work, meet writers and drop the ads. Become a member
Fanm, fanm, o fanm rapadou
Boubout mwen, bèsom, kòmansmanm
Nan kaye jounalye mwen chak jou
Chak jou se pou ou, se jou pa ou
Ou se nanm mwen, poto pitanmm
Mwen renmen ou chak jou
Chouchoum, mwen renmen ou.

Bèl fanm, bèl cheri, bèl bote
Ou nan kèm tout la jounen
Ou okipe nan nan lavi mwen
Ou se Princess mwen, gran Majeste
Ou se larenn mwen, yon gran sous
Fanm, fanm, o fanm dous
Oksijèn mwen, bèl dam mwen.

Fanm, fanm, kinanm mwen
Etwal nan syèl, lalin lavi mwen
Ou se yon poupe orijinal, bèl fanm
Ou se moun ki konn naje, e rame nan lanm
Ou se yon fanm ki byen akonpli nan la Bib
Fanm, fanm, o fanm sansib
Ou se solèy kap klere palmis mwen an.


Wi ou se yon fanm natal fondamantal
Anj gadyen mwen, sent vyèj mwen, ala ou bèl
Lavi pagen oken sans san ou, chouchou
Ou se trezòm, fanm, fanm, espwa mwen
Ou se kèm, rèv mwen, nanm mwen
Fanm, fanm misterye, mwen damou ou.

P.S. Tradiksyon 'Joyous Women's Day'
Ki ekri Pa Hébert Logerie
Copyright © Mas 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.
Hebert Logerie Dec 2024
M se premye mo ki sòt nan bouch tout bebe
M se premye mo nan alfabet, nan lang ti bebe
Se pa lèt a, ki sòti an premye nan bouch yon ti bebe
Kap di m, ma, manman, mom, mummy, mother, mama
Mère, kom nan manmi, madre,  mae, ma mère, mamma
M se 13 zièm lèt nan alfabèt laten
Se la ke lang romans yo komanse
Kòm franse, panyòl, italyen, pòtugè
M se yon lèt enpòtan pour la santé, la paix
La vie, le bonheur, les fleurs et le sapin
Nou kontan pou nou fete tout manman
Mèsi a tout fanm, manman se la pè e la jwa.

Copyright © 25 Me 2024, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.
M is the first word or letter coming out of a baby's mouth.

— The End —