Submit your work, meet writers and drop the ads. Become a member
Yon nouvo Papa
Yon nouvo espwa
Orevwa Pap Franswa
Ki te fè yon bon jòb, bèl bagay kòm yon Gran Klèje
Nou tout konnen ke laj pa kwè nan dinasti
Nou vini, nou ale epi nou ale tankou yon ti bo
Detanzantan, nou bezwen san nouvo
Epi natirèlman, li natirèl; Se pa yon krim
Novum papam habemus
Novum spem habemus
Nou gen yon nouvo espwa
Nou gen yon nouvo Rwa
Yon nouvo lidè pou Legliz Katolik
Ankèt la fini, eleksyon an fini, tout kontwovès fini
Sa fè plizyè dizèn ane kounye a, peson pa etènèl
Dènye Pap yo janti, sansib, intèlijan e inivèsèl
Mwen espere pontif sa a pi bon pase tout lòt anvan yo
(Fòk nou pa ri) Denye Pap la chita nan syèl la
Pou depoze epi siyen tout dokiman li yo kòm sa dwa
Kote yon dividal zanj ap chante anba tant diven yo
A mwen pa konn si ke yap bwè di ven
Mond lan jodi a plonje nan yon sitiyasyon dezastre e malveyan:
Manti, krim, koripsyon, ekspilsyon, diskriminasyon ak enpinite
Dayè, sa se yon eufemism, se diminye bagay yo
Sepandan, lemond antye anvi:
Lapè, lapè e lapè
Nou vle ke tout move rèv kaba, fini:
Enjistis, lagè, ipokrizi, rasis, entolerans ak povrete
Novum spem hablemus
Novum papam hablemus
Nou gen yon nouvo espwa
Nou gen yon nouvo Papa
Se pou Bondye beni nouvo Pontif sila, lanati ak limanite!

Dwa otè © 8 me 2025, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.
1SP Dec 2017
Mwen te fèt nan mond sa,
Mond lan nan peche ak dezespwa,
Tankou lòt moun...
Mwen te mache yon chemen nan pèsyade.

Mwen te fèt nan mond sa,
Yon mond nan peche san lafwa,
Tankou lòt moun...
Mwen sote nan lanmè a nan trayizon segondè.

Men avèk favè Bondye,
Mèsi pou Bondye pitye,
Mwen gen yon nouvo lavi
Epi mwen vle pataje levanjil la.

Mwen te fèt nan mond sa,
Mond lan nan peche san paswa,
Tankou lòt moun...
Mwen te monte ti mòn lan nan tout dèt.

Mwen te fèt nan mond sa,
Yon mond nan peche ak tout jwa
Tankou lòt moun...
Mwen te kouche nan kabann lan avèk laperèz.

Men avèk favè Bondye,
Mèsi pou Bondye pitye,
Mwen gen yon nouvo lavi
Epi mwen vle pataje levanjil la.

Mwen konnen kounye a sa...
Gen jijman,
Gen kòmandman
Gen volonte Bondye,
Epi gen favè Bondye.

Pa gen okenn kriye ankò,
Pa gen okenn lensomni ankò,
Gen Bondye pitye sèlman
Se yon privilèj pou gen favè vrèman.

Favè Bondye.
My First Christian Piece written in Haitian Creole. #MinistriesBeyondMissions
Hebert Logerie Dec 2024
Ti bebe GG nan kay la
Li fèt nan bèl mwa mas sa a
Ant sezon ivè ak prentan
Pa te gen okenn nèj sou gazon an
Men, te gen ti boujon toupre letan an
Ak yon nouvo lakansyèl nan lè a.

Ti bebe GG, tout bon, nan kay la
Li te akeyi pa tout fanmi an
Li gen yon souri ki klere tout tan
E deja li gen yon estil ki fen e inik
O! Li fè tout moun fyè e kontan
Anplis de sa, li renmen "Mickey Mouse" ak ti komik.

P.S. Baby GG is my newest granddaughter.
Copyright © Mas 2024, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.
Translation of 'Baby GG Is In The House' in Haitian Creole.

— The End —