Hello Poetry
Submit your work and get some sparkles! Create free account
Papa Nowèl te pè pase sou Chanmas Nan lari Pòtoprens. Bal tap tire an mas Tout kote. Anpil moun sere anba kabann Teroris yo kwè chyen nan yon move savann Yo tout kote ak gwo zam ke yo pa fabrike an Ayiti Bandi yo ap touye e terorize tout moun Mèm vye chat ak rat kap kouri nan ravinn Bagay yo grav e danjere nan peyi Dayiti Tonton Nowèl te pè se sak fè kel pat pase Ane sila. Pèsonn moun pa konn kilè ke Bagay sa, dezòd, krim, kanaj sa yo ap chanje Fini. Pate gen mès minwi, tout pòtt legliz te fèmen Bandi ak sapat yo gen gwo zam ki trè chè Ke tonton blan yo bayo kòm kado Nwèl Pou pèp la ka al kreve pi fon nan lanfè Sak pi rèd djab sal ak vye san pwèl Pè al nan simetyè pou al leve moun ke Yo te touye. Se chyen manje chyen Se chat manje chat. Se chyen manje rat Moun antrave nan peyi sila. Se chat Manje rat. Se chyen manje rat ak chat Sa se laraj. Moun pa janm te konn tande Vye istwa sa yo. Kilè ke bagay sa ap fini, chanje Kilè ke kolon oligaka, loksidan e sanzave Sa yo ap kite ti pèp la an repo e kilè Ke ti pèp la ap revolte, kilè, fout kilè Dyaspora a fatige pèdi lajan ak propriete Nan peyi sa. Kilè ke tout teroris sa yo Ap disparèt. Map fout rele anmwey. Yo You, map pale ak ou. I’m talking to you Map fout pale ak ou, wi ak ou Kokorat, zwazo mechan, ipokrit, sanzave Pa fout pale de revolisyon. Sispann reve Ouvri je nou. Wi map pale ak ou tou Pè Nowèl te pè, oken malere e ti moun Pat resevwa oken kado sèl move moun Kap touye e terorize pèp la tap fete. Lapolis Lame ak nèg Loni yo, se kòm si ke yo paka fè plis Se mwens ke yo fè sèlman. Nèg CPT yo touche Gwo lajan, sak nan pouvwa resevwa anpil lajan Nèg yo ap defann pòch, yo pap defann Patri Yo pap pwoteje pèp, yo pap defann Ayiti Ikrèn resevwa gwo kado, gwo zetrenn Ayiti resevwa gwo anbago, wi nou konprann Bandi, teroris, gangstè, loksidan ak olygaka ap vale tèren Gwoup kriminèl yo ap mennen Ti Jezi pat ale an Ayiti, li te pè. Papa Nwèl pat pase Li te pè natirèlman. An nou panse, reflechi anpil jisko printan. P.S. This poem is dedicated to all who are suffering in Haiti. Pèp Ayisyen ak dyaspora a bouke pran imilasyion. Aba la mizè, insekirite koripsyion, krim, injistis, inpinite, diskriminasyon, e inegalite. See translation of ‘Santa Claus Was Afraid to Pass Through Port-au-Prince, Haiti’. Copyright © Desanm 2024, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.
0
Dec 31, 2024
Dec 31, 2024 at 1:30 AM UTC
Pè Nowèl Te Pè Pase Nan Pòtoprens, Ayiti

Written by
Dec 31, 2024
Dec 31, 2024 at 1:30 AM UTC
Request permission to use this poem