Hello Poetry
Submit your work and get some sparkles! Create free account
Se te yè selèb Batay Vètyè Kote Zansèt nou yo te kraze pòtay simityè Ak fenèt lanfè pou konkeri libète Yo te goumen avèk kouraj, ak fòs e ak fyète Fòk lit la kontinye, lit la dwe kontinye Malgre pwogrè yo, malgre monte desann yo, ak danje Se te yè an Haiti gwo Batay Vètyiè sa te fèt Plis pase de syèk de sa nan listwa Limanite Brav ak vanyan Zansèt nou yo te defye lenposib Kolonizatè rasis, kriminèl, opresè, moun fou Pirat, flibistye, bandi, ak vye vètè mou Koulè po se rezilta zòn, rejyon ak klima Chak Èt Imen egal malgre fo deba Ak diskou san sans yo. 18 novanm 1803, Batay Vètyè Se yon dat inoubliyab. Li grave nan kè nou ak nan venn nou Se san Zansèt nou yo ki viv nan kèk moun Nan kèk aktivis, militan ak kèk frè e sè Batay desizif sa a, batay tan lontan sa a, se lajwa nou, Fyète nou ak glwa nou. Se yon flanm ki pral boule, klere pou lontan Nan tanp sakre nou an. Viv libète! Viv le tan! Viv lib oswa mouri tankou Zansèt nou yo, gran paran brav nou yo Viv lespri fyè kap fredone anpil chante lontan yo Lanbi yo ak twonpèt yo pa sispann sonnen nan zòrèy nou Pou ranfòse nou epi elektrifye tout selil ki nan san nou yo. P.S. Batay desizif Vètyè te fèt 18 novanm 1803 an Ayiti. Sa a se yon tradiksyon "Hier, La Bataille De Vertières" pa Hébert Logerie. Dwa otè © Novanm 2025 Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon pwezi.
0
Nov 12, 2025
Nov 12, 2025 at 5:42 PM UTC
Se Te Yè Batay Vètyè

Written by
Nov 12, 2025
Nov 12, 2025 at 5:42 PM UTC
Request permission to use this poem