#ayiti
Se te yè selèb Batay Vètyè
Kote Zansèt nou yo te kraze pòtay simityè
Ak fenèt lanfè pou konkeri libète
Yo te goumen avèk kouraj, ak fòs e ak fyète
Fòk lit la kontinye, lit la dwe kontinye
Malgre pwogrè yo, malgre monte desann yo, ak danje
Se te yè an Haiti gwo Batay Vètyiè sa te fèt
Plis pase de syèk de sa nan listwa Limanite
Brav ak vanyan Zansèt nou yo te defye lenposib
Kolonizatè rasis, kriminèl, opresè, moun fou
Pirat, flibistye, bandi, ak vye vètè mou
Koulè po se rezilta zòn, rejyon ak klima
Chak Èt Imen egal malgre fo deba
Ak diskou san sans yo. 18 novanm 1803, Batay Vètyè
Se yon dat inoubliyab. Li grave nan kè nou ak nan venn nou
Se san Zansèt nou yo ki viv nan kèk moun
Nan kèk aktivis, militan ak kèk frè e sè
Batay desizif sa a, batay tan lontan sa a, se lajwa nou,
Fyète nou ak glwa nou. Se yon flanm ki pral boule, klere pou lontan
Nan tanp sakre nou an. Viv libète! Viv le tan!
Viv lib oswa mouri tankou Zansèt nou yo, gran paran brav nou yo
Viv lespri fyè kap fredone anpil chante lontan yo
Lanbi yo ak twonpèt yo pa sispann sonnen nan zòrèy nou
Pou ranfòse nou epi elektrifye tout selil ki nan san nou yo.
P.S. Batay desizif Vètyè te fèt 18 novanm 1803 an Ayiti.
Sa a se yon tradiksyon "Hier, La Bataille De Vertières" pa Hébert Logerie.
Dwa otè © Novanm 2025 Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon pwezi.
Nov 12, 2025
Nov 12, 2025 at 5:42 PM UTC