Hello Poetry
Submit your work and get some sparkles! Create free account
"lanm" poems
Fanm, fanm, o fanm rapadou Boubout mwen, bèsom, kòmansmanm Nan kaye jounalye mwen chak jou Chak jou se pou ou, se jou pa ou Ou se nanm mwen, poto pitanmm Mwen renmen ou chak jou Chouchoum, mwen renmen ou. Bèl fanm, bèl cheri, bèl bote Ou nan kèm tout la jounen Ou okipe nan nan lavi mwen Ou se Princess mwen, gran Majeste Ou se larenn mwen, yon gran sous Fanm, fanm, o fanm dous Oksijèn mwen, bèl dam mwen. Fanm, fanm, kinanm mwen Etwal nan syèl, lalin lavi mwen Ou se yon poupe orijinal, bèl fanm Ou se moun ki konn naje, e rame nan lanm Ou se yon fanm ki byen akonpli nan la Bib Fanm, fanm, o fanm sansib Ou se solèy kap klere palmis mwen an. Wi ou se yon fanm natal fondamantal Anj gadyen mwen, sent vyèj mwen, ala ou bèl Lavi pagen oken sans san ou, chouchou Ou se trezòm, fanm, fanm, espwa mwen Ou se kèm, rèv mwen, nanm mwen Fanm, fanm misterye, mwen damou ou. P.S. Tradiksyon 'Joyous Women's Day' Ki ekri Pa Hébert Logerie Copyright © Mas 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.
0
Mar 14, 2025
Mar 14, 2025 at 9:41 PM UTC
Bon Jounen A Tout Fanm