Hello Poetry
Submit your work and get some sparkles! Create free account
Yon nouvo Papa Yon nouvo espwa Orevwa Pap Franswa Ki te fè yon bon jòb, bèl bagay kòm yon Gran Klèje Nou tout konnen ke laj pa kwè nan dinasti Nou vini, nou ale epi nou ale tankou yon ti bo Detanzantan, nou bezwen san nouvo Epi natirèlman, li natirèl; Se pa yon krim Novum papam habemus Novum spem habemus Nou gen yon nouvo espwa Nou gen yon nouvo Rwa Yon nouvo lidè pou Legliz Katolik Ankèt la fini, eleksyon an fini, tout kontwovès fini Sa fè plizyè dizèn ane kounye a, peson pa etènèl Dènye Pap yo janti, sansib, intèlijan e inivèsèl Mwen espere pontif sa a pi bon pase tout lòt anvan yo (Fòk nou pa ri) Denye Pap la chita nan syèl la Pou depoze epi siyen tout dokiman li yo kòm sa dwa Kote yon dividal zanj ap chante anba tant diven yo A mwen pa konn si ke yap bwè di ven Mond lan jodi a plonje nan yon sitiyasyon dezastre e malveyan: Manti, krim, koripsyon, ekspilsyon, diskriminasyon ak enpinite Dayè, sa se yon eufemism, se diminye bagay yo Sepandan, lemond antye anvi: Lapè, lapè e lapè Nou vle ke tout move rèv kaba, fini: Enjistis, lagè, ipokrizi, rasis, entolerans ak povrete Novum spem hablemus Novum papam hablemus Nou gen yon nouvo espwa Nou gen yon nouvo Papa Se pou Bondye beni nouvo Pontif sila, lanati ak limanite! Dwa otè © 8 me 2025, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.
0
May 13, 2025
May 13, 2025 at 12:11 AM UTC
Yon Nouvo Pap, Yon Nouvo Espwa

Written by
May 13, 2025
May 13, 2025 at 12:11 AM UTC
Request permission to use this poem